Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

N° 027 - Poukisa m li ?

Marie Murielle MornéLiv se chimen lavi, chimen limyè.

Li yon liv se yon lòt fason pou w apwoche lavi, tan lontan ak sila ki ale deja men ki te gen yon mesaj pou kite pou moun apre yo oubyen pou pale sou yon sijè ki enterese l patikilyèman. Kenbe yon liv, se yon privilèj tout moun pa genyen nan lavi. Se yon fason pou w transmèt yon mesaj bay limanite, pou w make pasaj ou sou tè a oubyen pou w resevwa sekre ki kache nan chak paj.

Mwen m li pou m chache sekrè lavi, pou pale dirèk ak moun ki lwen, ki travèse deja men ki te vle pataje moso konesans, rakonte yon istwa, bay yon mesaj pou kite pou memwa limanite e ki rete tou pou plizyè jenerasyon.

M ka damou yon liv depi sou po l rive nan nannan l. Paske depi nan papòt la w gentan gen yon lide sou ki kote moun nan kanpe, ki kote l vle ale, pa ki chimen l pase pou l rive la. Ou ka fè otan devinèt ou vle jiskaske w abouti a nannan koze a.  Anpil pawòl nou ta di ki mande reflechi oubyen ki mande pou n aji, nou ka ekri yo pou kite pou tout moun gen menm chans konnen l san pawòl la pa bouje yon tak. Nan li yon liv, ou jwenn yon egzanp egalite paske se menm pawòl la pou tout moun anmenmtan, san chanje vigil yo plas.

Mesaj yo travèse tan, yo travèse syèk yo pa bouje, yo pa chanje. Ou gen mwayen pou vizite yo otan w vle, chak fwa sa posib pou ou. Ou ka li jiskaske w bouke, jiskaske w deside chanje paj, chanje liv.  Konn li se yon zak libète, li pèmèt jwenn plis plezi nan lavi. Li pèmèt ou rakonte istwa lòt moun te rakonte w. Li pèmèt ou devlope entèlijans ou.

Mwen li paske lekti pèmèt mwen travèse tan an. Lekti pèmèt mwen rankontre zansèt mwen, li pèmèt mwen rankontre yo, dyaloge ak yo. Li banm detay sou kijan yo te viv, kijan yo te panse, ki lit yo te mennen. Kijan epi poukisa.

Mwen li pou plezi, pou fè rechèch, pou travay, pou gen plis konesans sou lavi, listwa, moun ak limanite. Mwen li pou m ka pwofite eksperyans lòt moun paske lavi a kout, m pap gen tan fè tout eksperyans m ta renmen fè yo mwenmenm. 

Marie Murielle Morné

@moijelis

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article